LYNX

Exterior shot of SunRail Kissimmee/Amtrak, showing LYNX bus leaving station.

Pwofite avantaj LYNX yo

Sèvis Lokal LYNX

LYNX ofri sèvis transpò piblik otobis, li bay plis pase 68 wout otobis lokal chak jou nan tout Florid Santral.

NeighborLink

Sèvis fleksib la gen pou objektif pou fè li pi fasil pou rezidan k ap viv nan zòn ki mwens peple yo jwenn aksè nan sistèm transpò lokal yo.

Liy LYMMO yo

LYNX bay transpò rapid GRATIS pou chak liy, avèk liy LYMMO Grapefruit, Lime, ak Orange.

Kijan pou transfere

SunRail travay avèk LYNX pou bay pasaje nou yo yon opsyon ki pa koute chè. Kliyan bis-a-tren ak tren-a-bis yo ka chanje soti nan yon mòd transpò pou ale nan yon lòt.

Transfè LYNX pou SunRail

  1. Peye tikè otobis sou wout otobis LYNX la.
  2. Mande operatè otobis LYNX la pou yon transfè gratis pou SunRail.
  3. Pran transfè otobis LYNX la pou ale nan yon machin lavant tikè SunRail (TVM).
  4. Swiv enstriksyon yo sou ekran TVM lan.
  5. Transfè ak kat (ki valab pou 90 minit).
  6. Peye $1.00 pou amelyorasyon pou travèse chak liy konte sou SunRail (si sa nesesè).
  7. Transfè yo valab pou yon sèl tranzaksyon. Apre ou fin pase transfè a, ou dwe achte yon tikè, sinon transfè a p ap valab ankò.  

Transfè SunRail pou LYNX

  1. Peye tikè tren ou.
  2. Montre operatè otobis LYNX la SunCard ou a oswa tikè yon sèl ale/ale-retou ou a (sou telefòn mobil oswa sou papye).
  3. Resevwa yon transfè gratis sou yon wout otobis ki desèvi estasyon SunRail yo.
SunRail ticket vending machines and ticket validator on the station platform.
LYNX buses enter the parking lot at a SunRail station.

Orè Wout yo

LYNX bay wout ki pi byen fèt pou ede pasaje SunRail yo pandan lè sèvis pik yo. Anba la a, gen de fason pratik pou wè orè wout yo.

Paj Estasyon SunRail yo

Chak paj Estasyon SunRail Konte Seminole, Orange, ak Osceola a gen ladan l wout LYNX ki disponib pou estasyon sa a.

Sit wèb LYNX

LYNX bay yon lis koneksyon wout ki disponib pou chak estasyon SunRail.

Aksesiblite

Veyikil sèvis LYNX yo ekipe tou ak asansè pou chèz woulant abò ke operatè otobis la deplwaye. Chak estasyon bay yon zòn monte otobis ki byen make sou yon twotwa angilè, sa ki pèmèt otobis yo depa ak arive endepandan.

LYNX bus awaits for passengers in front of the ADA pedestrian route at LYNX Central.