SunRail ofri pas ki ba ou libète pou monte tren an otan fwa ou vle. Pou pasaje ki monte SunRail 4-5 jou pa semèn, pas nou yo ofri ekonomi enpòtan sou tikè chak jou yo.
Pas sa yo disponib:
- Pas chak semèn – 7 jou kalandriye youn apre lòt
- Pas Mansyèl – 30 jou kalandriye youn apre lòt
- Pas Anyèl – 365 jou kalandriye youn apre lòt
Yo konte jou yo apati premye fwa ou tape sou youn nan validatè nou yo pou monte nan tren an.
Paske SunRail pa fonksyone nan wikenn, jou sa yo pa pran an kont nan pri okenn pwodwi pas SunRail.
Pri tikè pou pas yo baze sou konbyen zòn (konte) ou travèse.