Operasyon SunRail yo retounen nan nòmal Mèkredi- Tarif regilye yo pral aplike

Orlando – SunRail ap retounen nan operasyon ak orè regilye li yo nan Mèkredi 20 septanm 2017. Pri tikè regilye yo ap aplike. Pou plis enfòmasyon sou kote estasyon yo, pri ak orè tren yo, konekte sou www.sunrail.com.

Kòm yon rapèl, SunRail ap travay tou pou bay plis jou sèvis/kredi pou moun ki gen pas SunCard ki te afekte nan sispansyon sèvis la akòz Siklòn Irma. Tanpri kontakte Sant Sèvis Kliyan nan 855-724-5411, Lendi rive Vandredi soti 5:30 am - 9:30 pm pou plis asistans. SunRail ankouraje pasaje yo pou yo anrejistre SunCard yo sou SunRail.com, si yo poko fè sa. Sa pral akselere pwosesis la epi asire ke tout pas ki te valab pandan sispansyon an yo ajiste kòmsadwa. SunRail apresye pasyans ou pandan l ap konplete pwosesis sa a.

Tanpri fè atansyon alantou tren, pasaj tren yo ak sou platfòm SunRail. Fè entelijan. Fè atansyon.

www.fdot.gov /www.sunrail.com