Sispansyon Sèvis SunRail Lendi 3 Out 2020

Orlando, Fla – Akoz siklòn Isaias, Depatman Transpò Florid sispann sèvis SunRail lendi 3 out 2020 la.

Samdi sa a, ekip yo pral kòmanse travay pou prepare koridò a epi rann li an sekirite anvan tanpèt kap vini an. Preparasyon pou siklòn Isaiyas yo enkli:

  • Sekirize pòtay ray tren yo nan 127 pasaj tren sou koridò 61.5 mil la, ki gen ladan
    retire pòtay tren ki pi long yo
  • Enspekte ak estoke flòt tren SunRail la
  • Sekirize ekipman ray tren nan tout koridò a.

Apre tanpèt la, epi lè kondisyon yo estabilize, yon enspeksyon konplè sou tout koridò a nesesè pou evalye enpak tanpèt la epi pou prepare koridò a pou retabli sèvis tren pou SunRail, ansanm ak machandiz ak operasyon Amtrak. Retablisman sèvis la gen ladan re-enstale pòtay yo, enspeksyon sekirite ak retire nenpòt obstak sou ray tren yo.

Tanpri sonje pran prekosyon alantou tren ak pasaj tren yo. Fè entelijan. Fè atansyon.

Aprann enfòmasyon sou mizajou sèvis yo ak lòt enfòmasyon SunRail nan www.sunrail.com, swiv @RideSunRail, oswa telechaje aplikasyon SunRail la.

Pou plis kesyon, tanpri kontakte Ofisye Enfòmasyon Piblik, Jessica Ottaviano, nan 386-479-6369 oswa Jessica.Ottaviano@dot.state.fl.us.